Palm Beach State Logo
HOME | JOBS | FAQs | CONTACT US | PEOPLE FINDER
 

Kondisyon Admisyon
Kijan pou Aplike nan PBCC
Aplikasyon pou Admisyon
Fòm
Kijan pou w Aplike pou Èd Finansyè
Kijan pou w Enskri pou Pran Klas
Admisyon pou Etidyan Etranje
Pwogram a Aksè Limite
Demand pou Relve Nòt
Etidyan ki ap Transfere
Etidyan Tanporè
Sekirite Dosye Etidyan
Sèvis pou Andikape
Verifikasyon Diplòm oswa Sètifika
Ekolaj ak Lòt Pèman
Home > Web Pages - Dans le Creole > Admisyon > Kondisyon Admisyon
Kondisyon Admisyon

Aplikan ki bezwen enskri nan klas pou kredi dwe ranpli yon Aplikasyon pou Admisyon epi ranpli youn nan kondisyon sa yo:

  • Genyen yon diplòm lekòl segondè regilye ki soti nan yon lekòl ki akreditel*, oswa
  • Genyen yon diplòm GED ki se yon diplòm ekivalan lekòl segondè (GED), oswa
  • Konplete pwogram edikasyon adomisil, dapre lwa Florid FS 1003.43 ak 1003.25, oswa
  • Ranpli tout kondisyon pou resevwa yon diplòm lekòl segondè regilye, eksepte Tès Evalyasyon Konesans Jeneral la (FCAT); men, aplikan an pa p kalifye pou rantre nan Pwogram a Aksè Limite yo, li pa p kapab  patisipe nan aktivite atletik kolèj la, epi li pa p kapab jwenn èd finansyè (amwenke li pase tès ki kalifye l pou benefis la), oswa
  • Apwouve pou anwolman doub nan lekòl segondè ak kolèj oswa admisyon preyalab.

Aplikan ki bezwen enskri nan pwogram vokasyonèl pou granmoun yo (PSAV) dwe ranpli yon Aplikasyon pou Admisyon epi sa depan, yo kapab bezwen oubyen yo kapab pa bezwen genyen yon diplòm lekòl segondè. Gade nan seksyon ki rele Domèn Etid la nan katalog kolèj la pou plis detay.

Tout aplikan pou klas kredi nan kolèj la oswa pou pwgram vokasyonèl yo dwe ranpli deklarasyon adrès kote yo rete nan Florid la. Genyen yon fòm affidavit ki tou vini ak aplikasyon pou admisyon an. Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo ale nan  "Kijan pou w aplike pou peye kòm rezidan eta Florida la."

Aplikan ki bezwen enskri pou pwogram edikasyon siplemantè yo dwe vizite paj sistèm enskripsyon sou entènèt pou klas edikasyon siplemantè yo.

Klike la a pou jwenn enfòmasyon sou kondisyon admisyon pou Etidyan Entènasyonal (viza etidyan F-1 oswa M-1).



Follow Us Header
Link to FaceBook
Link to MySpace
Link to Twitter
Link to Flickr
Link to You Tube
All Locations | Belle Glade | Boca Raton | Lake Worth | Palm Beach Gardens | Satellite Locations